VENNSENKYÈM SEMÈN ÒDINÈ DIMANCH ANE A

by | Sep 17, 2020 | Kreyol Misel

VENNSENKYÈM SEMÈN ÒDINÈ DIMANCH ANE A

REF: POU ANTRE

Mwen se delivrans pèp la, deklarasyon Granmèt la. Nan tout tray yo, si yo rele  kote’m, m’ap koute yo, m’ap Granmèt yo pou tout tan.

PRIYÈ:

Bondye ou menm  ki mete tout pati lalwa sakre a nan renmen ou ak renmen prochen an, fè nou sèvi lòd  ou yo, pou nou reyisi rive nan lavi tout tan an.

Pa pouvwa Jezi-Kri Granmèt nou an.

 

DIMANCH ANE A

PREMYE LEKTI

“Panse mwen yo pa panse pa nou”

LEKTI LIV PROFÈT IZAYI                                                                                              55,6-9

Chèche Granmèt la pandan yo kapab jwenn li; rele li pandan li tou pre. Se pou mechan-an kite wout li, pou moun pechè-a kite kalkil li yo ; se pou li tounen kote Granmèt la, l’ap pran pitye pou li ; se pou li tounen kote Bondye nou-an, paske li pare byen pare pou li padonnen.

Sèke panse mwen yo se pa panse pa nou. Wout mwen yo se pa wout pa nou, deklarasyon Granmèt la. Se menmjan syèl la wo anlè tè –a, se konsa wout mwen yo wo anlè wout pa nou yo, panse mwen yo wo anlè panse pa nou yo.

 

 

SÒM REPONS                                                                      Sm 144, 2-3. 8-9. 17-18 (r :18a)

  1. Granmèt la tou pre moun k’ap rele-l yo.

 2  Chak jou m’ap fè konpliman pou ou,

   M’ap fè konpliman pou non-ou,

   Pou tout tan ak tout tan gen tan.

3  Granmè la gran, li merite anpil lwanj,

Yo pa kapab sonde grande l. R.

The minerals present in this ingredient are not like minerals found browse around content acquisition de viagra in other health supplements as they are ionic in nature. Touted as a wonder herb Gingko improves the system movement to the pennis bloodstream. free viagra tablet If ED is due to stress, then ways to keep Intimacy Live viagra generic usa http://deeprootsmag.org/2015/06/11/wondrous-incandescence/ Both the partners should be open-minded about getting ways of being intimate while trying to make out the issues surrounding impotence issue. If a herniated disc (injured and bulging out) or a significant muscle or ligament injury is possible, a Computerized Axial Tomography scan cialis order on line (CT or CAT scan) or a Magnetic Resonance Imaging test (MRI).

8 Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib,

Li gen pasyans, li gen anpil kè sansib,

9 Granmèt la bon pou tout moun,

Kè-l sansib pou tou sa li fè. R.

17Granm&t la kòrèk nan tout wout li yo,

Li sen nan tout aksyon li yo.

18 Granmèt la tou pre tout moun k’ap rele-l yo,

Tout moun k’ap rele-l nan laverite. R.

 

DEZYÈM LEKTI

« Pou mwen, viv se Jezi »

LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU FILIPYEN YO                                                                        1,20c-24.27a

Frè-m yo :

Jezi-kri ap parèt klè nan kò mwen, oswa nan lavi-m oswa nan lanmò-m. sèke pou mwen menm, viv se Jezi-kri, epi mouri se yon avantaj. Sèlman si antan m’ap viv nan lachè-a, sa pèmèt mwen fè yon travay, ki sa pou-m chwazi, mwen pa konnen.

Mwen jennen nan mitan de bagay : mwen anvi mouri pou-m kapab ale rete avèk Jezi-kri, e sa ta pi bon toujou : men rete mwen rete nan lachè-a, li nesesè pou nou. Sèlman kondwi tèt nou yon fason ki kׇòrèk parapò a levanjil Jezi-kri a.

 

 

LEVANJIL

« Eske ou jalou paske mwen menm mwen bon ?

LEKTI LEVANJIL KI SEN –AN DAPRE MATYE                                                20, 1-16a

Lè sa a : Jezi di patizan li yo parabòl sa a:

“Peyi Wa syèl yo sanble ak yon Papa fwaye, ki sòti gran maten pou li angaje travayè nan jaden rezen li. Li pase kontra avèk  travayè yo pou yon  pyès lajan chak jou, li voye yo nan jaden  rezen li an. Li soti vè nevè nan maten, li wè lòt ki kanpe nan  lari a san yo pap fè anyen, li di yo: “Nou menm tou, al nan jaden  rezen m nan ; sa ki merite, mwen va ba nou”. Yo ale vre. Li sòti ankò vè midi, vè twa zè, li fè menm jan. Vè senkè apre midi, li sòti tou, li jwenn lòt ki kanpe, li di yo: “Pouki sa nou kanpe tout jounen san nou pap fè anyen”? Yo di li: “Paske pèsòn pa anplwaye nou”. Li di yo: ale nou menm tou nan jaden  rezen m nan”.

Lè aswè rive, mèt jaden rezen an di jeran li an. : rele travayè yo, ba yo pri travay yo komanse ak dènye yo pou nou rive nan premye yo. Lè sa k te rive vè senkè apre midi yo proche , yo chak, yo jwenn yon pyès lajan,. Lè premye yo menm proche , yo te konprann yo t’ap jwenn plis; men yo chak yo jwenn yon pyès lajan sèlman. Lè yo pran li, yo babye kont Papa fwaye sa, yo di: dènye sa yo fè yon èdtan sèlman, epi ou trete yo menm jan ak nou, nou menm ki pote pwa lajounen an ak chalè a, li mem li reponn youn nan yo li di: “zanmi’m, mwen pa fè ou abi; eske se pat pou yon pyès lajan ou te antann ou avèk mwen? Pran afè ou, ale fè wout ou; mwen vle bay si la a ki vi n an dènye a mem jan avèk ou. Oubyen, eske mwen pa gen dwa fè sa m vle? Eske ou jalou, paske mwen menm mwen bon ? se konsa dènye yo ap premye epi premye yo ap dènye.