VENNSIZYÈM SEMÈN ÒDINÈ DIMANCH ANE A

by | Sep 25, 2020 | Kreyol Misel

VENNSIZYÈM SEMÈN ÒDINÈ

DIMANCH NAN ANE-A

 REF. POU ANTRE

Tou sa ou fè yo, Granmèt , se nan jijman laverite ou fè yo, paske nou te fè peche kont ou, nou pa t obeyi kòmandman ou yo ; men fè konpliman pou  non ou, aji avèk nou dapre kantite kè sansib ou a.

PRIYÈ

Bondye, ou menm kif è wè tout pouvwa ou , antan ou padonnen nèt, antan ou pran pitye tanpri, vide favè ou sou nous an rete, pou nou prese rive na sa ou promèt yo, dekwa pou ou fè nou fin eritye byen syèl yo. Pa pouvwa Jezi kri.

 

PREMYE LEKTI

Lè moun kip a kòrèk la vire do bay peche l la, l’ap fè nanm li jwenn lavi.

LEKTI LIV PROFÈT EZEKYÈL                                                                                18 ; 25-28

Men pawòl Granmèt la ;

« N’ap di ; Chemen Granmèt la pa dwat. Koute kay Izrayèl : Eske se chemen m kip a dwat, osinon se chemen pan ou yo ki move ? seke si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, li fè sa k pa kòrèk, epi li mouri nan yo, se nan sa li fè ki pa kòrèk yo l’ap mouri. Men si moun ki pa kòrèk la vire do bay sa l fè ki pa kòrèk la , epi li realize jijman ak jistis, li menm l’ap fè nanm li jwenn lavi ; paske lè li kalkile , epi li vire do bay tou sa l te fè ki  pa kòrèk yo, l’ap viv byen pròp li pap mouri.

SÒM  REPONS                                                                                                                   Sm 24 : 4bc-5. 6-7. 8-9 (r :6a)         

  1. Sonje bon kè ou Granmèt.

Chemen ou yo  Granmèt, montre m yo

Tras wout ou yo, aprann mwen yo,

Dirije m nan tras wout ou a, banm leson,

Paske ou se Bondye delivrans mwen,

Se ou menm m’ap tann tout lajounenR.

 

Sonje bon kè ou, Granment,

Ak kè sansib ou yo,paske se depi tout tan yo egziste,

Peche m te fè depi m tou jèn ak fot mwen yo, pa sonje yo’

Poutèt bonkè ou, Granmèt. R.

 

Granmèt   la bon, li dwat,

Se pousa l’ap aprann moun ki nan peche yo chemen an ;

L’ap kondwi moun ki dosil yo nan jijman an,

L’ap aprann  moun kid ou yo chemen l yo.R.

 

DEZYÈM LEKTI

Se pou nou gen menm santiman anndan kè nou avèk sa ki te nan Jezi kri yo.

 

LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU FILIPYEN YO                                                                           2 ; 1-11 

Frè-m yo :

Si gen yon konsolasyon nan Jezi Kri, si gen yon ankourajman charite, si gen yon konminyon lespri a si gen zantray kè sansib, fè kè m kontan nèt, antan nou gen menm santiman, nou gen menm charite a,, nou fè yon sèl kè nou gen menm fason  pou nou anvizaje  bagay yo. Viv san nou pa gen okenn jalouzi, san nou pa chèche okenn bèlte ki vid, men antan nou rabese tèt nou pou chak moun konside lòt la kòm pi siperyè pase l ,san chak moun pa konsidre avantaj pèsonèl li, men okontrè afè lòt yo. Se pou gen nan nou, menm santiman sa yo ki te nan Jezi Kri : li menm malgre li te nan kondisyon Bondye egal li egal ak Bondye a, li pa te konsidre sa tankou yon bagay li bese pou pròp tèt pa li, men li vide pròp tèt li antan li pran kondisyon  esklav, li vin tankou tout moun, e dapre konpòtman li yo wè li se yon moun. Li rabese pròp tèt li, antan li obeyi jous nan lanmò, lanmò lakwa a menm. Se poutèt sa Bondy6e leve li anle, li ba li yon non, ki anlè tout non, konsa o non Jezi, tout jenou fèt pou plwaye nan syèl la, sou tè a ak anba tè a, epi tout lang pou deklare se Granmètt Jezi Kri ye pou bèlte Bondye Papa a.

                               

 

ALELOUYA

LEVANJIL

LEKTI LEVANJIL KI SEN –AN DAPRE MATYE                      (Chapit 21, sòt vèsè 28, rive vèsè 32)

Li regret, li pati. Pibliken y oak fi movèz vi yo ap antre nan rèy Bondye a anvan nou.

Jezi di chef prêt ak ansyen nan pèp la yo : « Sa nou di nan sa ? Yon moun te gen 2 pitit, l’al kote premye a , li di li : « Pitit mwen, jodi a, ou pral travay nan jaden rezen an. »

Pitit la di li : « mwen pa prale ! » Apre sa li regrèt, l’ale. Li proche kote dezyèm nan, li di li menm bagay, desyèm nan di li : « wi,m Mèt » men, li pa ale. Kilès nan 2 yo ki fè volonte papa a ? »

Yo di li ; « Premye a. »
Jizi di yo: “anverite, mwen di nou sa: pibliken yo ak jennès yo, ap pase devan nou nan Peyi kote Bondye Wa a, paske Jan te vin kote nou, li t’ap montre bon wout ki dwat la, menm nou pa te kwè nan li. Pibliken yo menmm ak jennès yo, yo kwè nan li. Kanta nou menm, atout nou wè sa nou pa menm regrèt, menm si se apre, pou nou ta kwè nan li. »